En ce moment

Titre

Artiste

Emission en cours

RENCONTRE

17:00 18:30

Emission en cours

RENCONTRE

17:00 18:30


Sosyolog Anthony Barbier antere nan Goudet, lokalite nan komin Lazil

Écrit par le 8 février 2021


Jou ki te vandredi 5 Fevriye 2021 an, antèman Sosyolog Anthony Barbier chante nan lokalite Goudet, seksyon kominal Lazil, kote li te fet la.
Seremoni sa ki te fet an 2 pati te dewoule an prezans Madanm li, Jounalis Lilianne Pierre Paul, fanmi li ak zanmi li.
Anpil pesonalite politik ak medyatik te asiste denye omaj sa pami yo avoka Andre Michel, ansyen senatè Francenet Denius, Ansyen Depite Lemann Premier, ansyen Delege depatmantal Nip Jamil Vincent, Damas Jean Francis ki se yon kamarad politik Profesè a.
Nou te remake prezans Pierre Espérance, Mesye Mavel Dandin, Konsil Poly Faustin ak anpil lot gwo figi nan politik peyi Dayiti.
Venerab Dyejis Zama te ouvri rityel fineb la avan l te kite plas pou diferan pesonalite te pran lapawol pou rann yon denye omaj ak Doktè an sosyoloji.
Madanm li Lilianne pwomet li pap lage Lazil paske mari l te gen yon gwo lanmou pou kote l te soti an.
Richarson Bigot

Donnez une note