Konsila jeneral Ayiti nan Paris ouvè yon sit intènèt pou amelyore sèvis randevou yo
Écrit par admin le 2 mars 2021
Nan yon kominike ki pote dat 28 Fevriye 2021, konsila jeneral Ayiti nan Paris anonse li ouvè yon sit intènèt pou amelyore sèvis randevou konsila.
Sit intènèt sila pa senpman amelyore sèvis la, men li soulaje konpatriyòt ayisyen kap viv nan peyi Lafrans.
Depi dikdantan koze pran randevou nan Konsila jeneral Ayiti nan Paris te toujou gwo tèt chaje.
Nan yon peyi tankou Lafrans, ki gen yon teritwa ki mezire 644 801 kilomèt kare ,koze monte desann nan konsila pa fasil kèkfwa pou yon konpatriyòt ki rete twò lwen.
Kominike a di aklè se yon obligasyon pou tout moun ki bezwen sèvis konsila jeneral Ayiti nan Paris al sou sit intènèt la pou pran randevou anvan yo al nan lokal enstitisyon an.
Liens : http://rendez-vous.Consulat-haiti-paris.com
Mail : conshparis@yahoo.fr
Pour la section des passeports Tel : 01.42.12.70.58
Mail : sectionpasseports.cgh@gmail.com
Ces coordonnées sont disponibles exclusivement pour prendre rendez-vous et savoir si les passeports sont arrivés.
Pour la section juridique : Tel : 01.42. 12.70.51
Mail : juridique.cghp@gmail.com
Radio Télévision Fanfan Mizik